(Translated by https://www.hiragana.jp/)
Programasyon enfomatik — Wikipedya Aller au contenu

Programasyon enfomatik

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Kòd pwogramasyon

Pwogramasyon enfòmatik se baz devlopman enfòmatik nan dosye kreyasyon sistèm enfòmatik, li gen rapò ak lojisyèl et ak materyèl. Pwogramasyon an gen ladan l kodaj ak ekriti langaj enfomatik yo. Pi souvan devlopè yo se pwofesyonèl yo ye kap ekri pwogram enfòmatik sa yo e yo gen yon konpetans solid[1] nan langaj enfomatik tankou PHP, Javascript, HTML, CSS, Python, R, Java[2][3].

Definisyon

[modifye | modifye kòd]

Nan domèn enèmatik la, programasyon an se ansanm aktivite ki pèmèt ou ekri Pwogram enfòmatik yo. Se yon etap enpòtan pou kreyasyon logisyèl yo, Pwogramasyon an reprezante manyèlman kodaj, ki vle di ekri kòd sou yon kontni. Yo itilize mo devlopman pito pou yo rele ansanm aktivite sa yo ki gen rapò ak domèn kreyasyon lojisyèl yo[4].

Istorisite pwogramasyon

[modifye | modifye kòd]

Premye machin ki ka pwograme a te kreye nan lane 1801, se Jacquard . Machin nan tap itilize yon swit katon ki gen tou, tou yo te endike motif yo. Premye pwogram òdinatè yo te fèt ak on fè pou soude avèk yon bann tib vid. Pwogram yo tap pi konplèks , e sa te vin prèske enposib paske yon sèl erè te ka gate tout pwogram lan.

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. « C'est quoi la programmation informatique ? Définition et objectifs. ». sokeo (in français). Retrieved 2023-10-29. 
  2. « Qu’est-ce que la programmation ? ». Kidi'science (in français). 2017-06-21. Archived from the original on 2023-10-29. Retrieved 2023-10-29. 
  3. « Programmation informatique : Définition simple et facile du dictionnaire » (in français). 2021-01-01. Retrieved 2023-10-22. 
  4. « 🔎 Programmation informatique : définition et explications » (in français). Retrieved 2023-10-22.